Valè total enpòtasyon ak ekspòtasyon machandiz Lachin nan te rive nan 42.07 trilyon Yuan an 2022, yon ogmantasyon 7.7% parapò ak 2021 e yon nivo rekò, dapre Lv Daliang, pòtpawòl Administrasyon Jeneral Ladwàn nan madi. Ekspòtasyon yo te ogmante pa 10.5 pousan e enpòtasyon yo pa 4.3 pousan. Jiskaprezan, Lachin te pi gwo peyi nan komès machandiz pandan sis ane konsekitif.
Nan premye ak dezyèm trimès yo, valè total enpòtasyon ak ekspòtasyon yo te depase 9 trilyon Yuan ak 10 trilyon Yuan respektivman. Nan twazyèm trimès la, valè total enpòtasyon ak ekspòtasyon yo te monte a 11.3 trilyon Yuan, yon pik trimèsyèl rekò. Nan katriyèm trimès la, valè total enpòtasyon ak ekspòtasyon yo te rete nan 11 trilyon Yuan.
Dat piblikasyon: 13 janvye 2023


